VÒT TÈKS KREYÒL KONSTITISYON 1987 LA

Sanble gen moun ki pa fin sèten si Asanble Konstityant epòk la te vote vèsyon kreyòl Konstitisyon 1987 la. Gen moun ki menm afime sa pa t janm fèt. Alòs, pou laverite ak pou listwa, men ki jan sa te pase.

Nan epòk la, mwen te direktè Sant Pedagojik Riral Pwotestan, Delmas 95, No 15 nan komin Petyonvil. Se yon lekòl fòmasyon Enstittè/Enstititris anba lobedyans Legliz Metodis Dayiti. Moman Asanble Konstityant lan fin fòme, gen plizyè gwoup sitwayen/sitwayèn ak divès gwoup politik nan peyi a ki mande pou tèks Konstitisyon ki pral nan kouti a parèt ni an franse, ni an kreyòl. Se konsa gen gwoup politik Mouvman Aksyon Demokratik (MAD) ki te gen ladan Guy Alexandre, Charles Clermont, René Préval, Jean L. DOMINIQUE, elatriye, Guy Alexandre kontakte m. Li mande m si m pa ta dispoze konsakre tan mwen pou tradui pwochen Konstitisyon peyi a an kreyòl. Nan epòk la, mwen te pwofesè Kreyòl ayisyen nan seksyon segondè Lekòl KAYANOU Guy Alexandre t ap dirije. Direktè a te konnen mwen nan ekip tradiktè Labib an kreyòl nan Sosyete Biblik Ayisyen.

Kòm mwen te okipe aplentan nan lekòl fòmasyon enstititè/enstititris avèk Legliz Metodis Dayiti, mwen prezante demann MAD la devan Pastè Alain ROCOURT ki te Chairman Legliz la lè sa a. Li ban mwen kat blanch pou m konsakre tout tan mwen pou travay la. Sèl kondisyon li te mete devan mwen se pou m fè travay la gratis. Paske Legliz la ap garanti m salè mwen kòm dabitid. Travay MAD mande m fè a se va kontribisyon Legliz la nan Fòmasyon Sitwayen Ayisyen.

Vrèmanvre, mwen te gen privilèj syeje nan Asanble a, non kòm konstityan, men kòm moun k ap suiv tout deba yo. Se dekwa pou rann an kreyòl tout ti sibtilite lide ki t ap diskite yo. Te gen plizyè Konstityan, moun tankou Dtè Georges MICHEL, Mèt Reynold GEORGES, Julio LAROSIILIÈRE, Guy LATORTUE, Athanase JN-LOUIS, Eccléiastre VALCIN, Jean Abraham LUBIN ki te asiste mwen oubyen m te konn konsilte pou travay tradiksyon an. Nan Ministè Kominikasyon epòk la, te gen madam Anaise CHAVENET ki te konn kolekte chak seri atik ki te fin tradui an kreyòl. Epi li pibliye yo nan jounal L’UNION pou apresyasyon piblik la.

Pou sa ki konsène vòt Konstitisyon 1987 la li menm, pa gen ankenn dout sou sa pyès. Metodoloji Asanble Konstityant la te adopte se yon konstityan deziye fè lekti yon atik an franse epi yon lòt konstityan deziye fè lekti menm atik la an kreyòl bay Asanble a. Se metodoloji sa a Asanble a te adopte epi respekte depi nan Préambule la/Premye koze a jouk nan Atik 298 avèk dènye mansyon:

<< Fè nan Palè Lejislatif, nan Pòtoprens, kote biwo Asanble Konstityant la table, jou 10 mas 1987 la, 184 èm ane Lendepandans>>.

Mèt Emile JONASSAINT, prezidan Asanble Konstityant lan, akonpaye ak prèske tout manm Asanble Konstityant lan remèt vèsyon franse ak vèsyon kreyòl Konstitisyon 29 mas 1987 la bay Prezidan Jeneral Henry Namphy an men pwòp devan mwen. Mèt JONASSAINT prezante m bay jeneral la kòm moun ki ede yo mete tèks la an kreyòl. Jeneral la mande chèf pwotokòl li a pou li pran kowòdone mwen. Mwen vire, mwen tounen, mwen mawonnen, mwen kabre jouk mwen rive chape poul mwen anchatpent san bay kowòdone m. Paske m te bay pastè Alain ROCOURT mo mwen.  

Alòs, mezanmi, pa gen ni dout ni manti nan sa: Konstitisyon Repiblik Ayiti 1987 la, li ekri, li vote, ni an franse, ni an kreyòl ayisyen. Pandan m ap afime sa nan mwa me 2022 sa a, gen plizyè nan manm Asanbe Konstityant lan ki vivan toujou. Yo swa anndan peyi a, swa aletranje. Gen lòt temwen ki te suiv travay Asanble a avèk anpil anpil enterè. Yo ka temwaye tou.

Pauris Jean-Baptiste

07 me 2022

                                                            

PS : Konstityan ki te bay lekti tèks kreyòl la pou Asanble a se te Ecclésiastre VALCIN, reprezantan komin Tomasik nan wo Platosantral, epi Jean Abraham LUBIN, reprezantan komin Sen Michel Latalay nan wo Latibonit.

 

0 commentaires

Soumettre un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.